11
Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:
“Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons?
Eske yon nonm pale anpil vin akite?
Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale?
Lè ou moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?
Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot,
e mwen inosan nan zye Ou.’
Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
pou montre ou sekrè a sajès!
Paske sajès ki bon gen de bò.
Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije
tout sa inikite ou merite.
 
“Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye?
Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?
Yo wo tankou syèl la; kisa ou kab fè?
Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?
Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.
10 Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble,
kilès kap anpeche Li?
11 Paske Li konnen moun ki fò,
e Li wè inikite menm san fè ankèt.
12 Yon moun ensanse va vin entèlijan
lè pòtre a yon bourik mawon fèt kon yon moun.
 
13 “Si ou ta vle vin bon,
dirije kè ou e lonje men ou vè Li.
14 Si se inikite ki nan men ou, mete l byen lwen.
Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.
15 Konsa, anverite, ou ta kab leve figi ou wo san tach.
Wi, ou va fidèl nèt e pa oblije gen lakrent.
16 Konsa ou va bliye twoub ou a.
Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase.
Se konsa ou ta kab sonje li.
17 Lavi ou va pi klè ke midi;
malgre gen fènwa a, lap tankou maten.
18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.
Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
19 Ou va kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou.
Wi, anpil moun va mande favè ou.
20 Men zye a mechan yo va gate,
e p ap gen chape pou yo.
Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
11:2 Job 8:2 11:3 Job 17:2 11:4 Job 10:7 11:6 Job 9:4 11:7 Job 33:12-13 11:8 Job 22:12 11:10 Job 9:12 11:11 Job 34:21-23 11:12 Job 39:5 11:13 I Sam 7:3 11:13 Sòm 88:9 11:14 Job 22:23 11:15 Job 22:26 11:15 Sòm 27:3 11:16 És 65:16 11:17 Job 22:26 11:19 So 3:13 11:19 És 45:14 11:20 Det 28:65 11:20 Job 27:22