5
1 Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li.
Byeneme m nan te gen yon ✡chan rezen sou yon kolin byen fètil.
2 Li te fouye toupatou li,
retire wòch li yo,
e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a.
✡Li te bati yon fò nan mitan l,
e te fouye yon basen diven ladann.
Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo,
men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.
 
3 Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo,
✡jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.
4 ✡Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja?
Poukisa lè M te atann a bon rezen yo,
li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?
5 Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a:
Mwen va retire kloti li e li va brile;
Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.
6 Mwen va gaye gate l nèt.
Li p ap koupe ni sèkle ak wou,
men pikan ak zepin va vin leve nan li.
Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo
pou ✡lapli pa tonbe ladann.
7 Paske ✡chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël,
e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a.
Konsa, Li t ap chache jistis;
men olye sa Li te jwenn san vèse;
pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Anmwey”.
 
8 Malè a sila ki ogmante kay sou kay
ak chan a sou lòt chan,
jiskaske pa gen plas,
pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!
9 Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante:
“Anverite, anpil kay va vin ✡vid;
menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann.
10 Paske kat ekta tèren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven
e yon ✡omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.”
11 Malè a sila ki leve granmaten yo
pou yo ka kouri dèyè ✡ bwason fò,
sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven;
men ✡yo pa okipe zèv SENYÈ yo,
ni yo pa konsidere zèv men Li yo.
13 Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz ✡mank konesans yo;
epi mesye ki gen onè yo
rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.
14 Pou sa, ✡Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo
e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole;
epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a,
ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.
15 Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese;
anplis, ✡zye a ògeye a va vin febli nèt.
16 Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman
e Bondye sen an va montre ✡sentete Li nan ladwati.
17 Konsa, ✡jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj
e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo.
 
18 Malè a sila ki rale ✡inikite ak kòd manti,
e ki fè peche tankou se kòd kabwèt;
19 ✡K ap di: “Kite Li fè vit,
kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè;
kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la
vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!”
20 Malè a sila ki ✡rele mal la bon,
ak bon an mal la;
sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,
ak limyè a kon tenèb la;
sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,
e sa ki dous kon anmè.
21 Malè a sila ki ✡saj nan pwòp zye yo
e ki sipoze ke yo byen koken yo!
22 ✡Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la
e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab
e ki ✡rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
 
24 Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo
e konsonmen zèb sèch nan flanm nan,
konsa rasin yo va vin tankou pouriti,
e flè yo va vannen ale tankou pousyè;
paske yo fin ✡rejte lalwa SENYÈ dèzame yo,
e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.
25 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a,
Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba.
Mòn yo te tranble
e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a.
✡Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.
 
26 Konsa, Li va leve yon ✡drapo a yon nasyon byen lwen
e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè;
epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès.
27 Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe;
nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi;
ni ✡sentiwon nan senti li pa lage,
menm bretèl sandal li pa janm kase.
28 ✡Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube;
pye cheval li yo parèt kon pyè silèks,
e wou cha li yo tankou toubiyon.
29 Kri ✡gwonde li tankou yon lyon
e vwa li tankou jèn lyon;
li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an
e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.
30 Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè.
Si yon moun anwò dlo ✡ta gade vè latè;
men gade, tout fènwa ak gwo twoub.
Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.
✡ 5:1 Sòm 80:8 ✡ 5:2 Jr 2:21 ✡ 5:3 Mat 21:40 ✡ 5:4 II Kwo 36:16 ✡ 5:6 I Wa 8:35 ✡ 5:7 Sòm 80:8-11 ✡ 5:9 Mat 23:38 ✡ 5:10 Éz 45:11 ✡ 5:11 Pwov 23:29-30 ✡ 5:12 Job 34:27 ✡ 5:13 És 1:3 ✡ 5:14 Pwov 30:16 ✡ 5:15 És 2:11 ✡ 5:16 És 8:13 ✡ 5:17 És 7:25 ✡ 5:18 És 59:4-8 ✡ 5:19 Éz 12:22 ✡ 5:20 Pwov 17:15 ✡ 5:21 Pwov 3:7 ✡ 5:22 Pwov 23:30 ✡ 5:23 Sòm 94:21 ✡ 5:24 És 8:6 ✡ 5:25 És 9:12-21 ✡ 5:26 És 13:2-3 ✡ 5:27 Job 12:18 ✡ 5:28 Sòm 7:12-13 ✡ 5:29 Jr 51:38 ✡ 5:30 És 8:22