4
1 Paske sèt fanm va kenbe ✡yon sèl gason nan jou sa a pou di l: “Nou va manje pwòp pen nou e mete pwòp rad nou. Sèlman, kite nou rele pa non ou. Souple retire wont nou an!”
2 Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo. 3 Li va rive ke sila ki rete Sion an ak sila yo ki rete Jérusalem nan va rele sen— tout moun ki anrejistre pou ✡ lavi Jérusalem yo 4 lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak ✡lespri brile a. 5 SENYÈ a va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon ✡nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit lan, paske sou tout glwa a, va genyen yon kouvèti. 6 Va gen ✡abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.
✡ 4:1 Jen 30:23 ✡ 4:3 Egz 32:32 ✡ 4:4 És 1:31 ✡ 4:5 Egz 13:21-22 ✡ 4:6 Sòm 27:5