8
1 Mete twonpèt la sou lèv ou!
Yon bagay tankou malfini
vini kont lakay SENYÈ a;
akoz yo te transgrese akò Mwen an,
e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
2 Yo va rele a Mwen menm:
‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’
3 Israël te rejte sa ki bon;
lènmi an va kouri dèyè l.
4 Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm.
Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm.
Ak ✡ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo,
jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
5 Kite Samarie jete ✡jenn bèf li deyò!
Kòlè Mwen ap brile kont yo!
Pou konbyen de tan yo va rete
san kapasite pou pirifye?
6 Paske, sa sòti menm an Israël!
Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye.
Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.✡
7 Paske ✡yo simen van,
e yo rekòlte ✡toubiyon.
8 Israël vin ✡vale nèt.
Koulye a, se pami nasyon yo ye;
tankou yon ✡veso ki pa bay plezi a okenn moun.
9 Paske yo te monte ✡Assyrie,
kon yon ✡bourik mawon pou kont li.
Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.
10 Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo,
se koulye a, Mwen va ranmase yo.
Yo kòmanse vin ✡febli akoz presyon
a ✡wa de sa yo ak pwisans.
11 Akoz Éphraïm te ✡miltipliye lotèl pou fè peche yo,
Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.
12 Malgre sa ✡Mwen te ekri pou li
règleman san fen de ✡Lalwa Mwen yo,
men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.
13 Pou sakrifis ofrann Mwen yo,
yo fè sakrifis vyann, e yo manje l.
SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo.
Konsa, Li va ✡sonje inikite yo,
e ✡pini peche yo.
Yo va retounen an Egypte.
14 Paske Israël te ✡bliye Kreyatè li.
Li te ✡bati palè yo.
Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo;
men Mwen va voye dife sou vil li yo,
e konsa, li va devore gwo palè li yo.
✡ 8:4 Os 2:8 ✡ 8:5 Os 10:5 ✡ 8:6 Os 13:2 ✡ 8:7 Pwov 22:8 ✡ 8:7 És 66:15 ✡ 8:8 II Wa 17:6 ✡ 8:8 Jr 22:28 ✡ 8:9 Os 7:11 ✡ 8:9 Jr 2:24 ✡ 8:10 Jr 42:2 ✡ 8:10 És 10:8 ✡ 8:11 Os 10:1 ✡ 8:12 Det 4:6,8 ✡ 8:12 Os 4:6 ✡ 8:13 Jr 14:10 ✡ 8:13 Os 4:9 ✡ 8:14 Det 32:18 ✡ 8:14 És 9:9,10