7
1 Lè M ✡ta geri blesi Israël,
inikite a Éphraïm nan vin dekouvri,
ak mechanste a Samarie a tou;
paske yo aji nan ✡manti.
Vòlè a antre,
bandi yo atake pa deyò.
2 Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen
✡Sonje tout mechanste yo.
Alò, zak yo ap antoure yo;
yo devan figi Mwen.
3 ✡Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan,
epi prens yo, ak ✡manti yo.
4 Yo tout se ✡adiltè;
yo tankou yon fou
ke bos boulanje sispann chofe,
depi nan lè l ap petri pen an,
jis rive lè pen an fin leve.
5 Nan jou a wa nou an, prens yo
te fè tèt yo malad ak chalè diven an.
Li te lonje men li ak mokè yo.✡
6 Paske kè yo vin tankou yon ✡fou
pandan y ap kouche tann moun.
Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit.
Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife.
7 Yo tout cho tankou yon fou.
Yo manje ✡jij yo.
Tout wa yo fin tonbe.
✡Nanpwen youn pami yo ki rele M.
8 Éphraïm ✡mele li menm ak nasyon yo.
Éphraïm se yon gato ki pa t vire.
9 Etranje yo devore fòs li,
men li pa wè sa a.
Anplis, cheve blanch yo la sou li,
men li pa konnen.✡
10 Malgre sa ✡ògèy Israël la fè temwaye kont li,
✡men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a.
Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.
 
11 Konsa, Éphraïm te vin tankou
yon toutrèl egare, ✡san bon sans.
Yo rele vè Egypte.
Yo ale ✡Assyrie.
12 Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo.
Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo.
Mwen va bay yo chatiman,
jan kongregasyon yo a te tande a.✡
13 Malè a yo menm!
Paske yo te ✡gaye kite Mwen!
Destriksyon pou yo menm,
paske yo te fè rebèl kont Mwen!
Mwen ✡ta rachte yo,
men yo fè manti kont Mwen.
14 ✡Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo,
men yo rele fò sou kabann yo.
Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf.
Men yo ✡vire kite Mwen.
15 Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò,
malgre sa, yo ✡fè konplo pou mal kont Mwen.
16 Yo vire, men pa a Sila ki anwo a.
Yo tankou yon banza k ap twonpe moun.
Prens yo va tonbe devan nepe
akoz ✡ensolans a lang yo.
Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte.
✡ 7:1 Éz 24:13 ✡ 7:1 Os 4:2 ✡ 7:2 Sòm 25:7 ✡ 7:3 Wo 1:32 ✡ 7:3 Os 4:2 ✡ 7:4 Jr 9:2 ✡ 7:5 És 28:1,7 ✡ 7:6 Sòm 21:9 ✡ 7:7 Os 13:10 ✡ 7:7 És 64:7 ✡ 7:8 Sòm 106:35 ✡ 7:9 És 1:7 ✡ 7:10 Os 5:5 ✡ 7:10 És 9:13 ✡ 7:11 Os 4:6,11,14 ✡ 7:11 Os 5:13 ✡ 7:12 Éz 12:13; Lev 26:14-39 ✡ 7:13 Jr 14:10 ✡ 7:13 Jr 51:9 ✡ 7:14 Job 35:9-11 ✡ 7:14 Os 13:16 ✡ 7:15 Na 1:9 ✡ 7:16 Sòm 12:3,4; Éz 23:32