16
Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar. Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.
Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li. Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li.
Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”
Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.”
Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.
Alò zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la. Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?”
Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.” 10 Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”
11 Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis. Epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo. 12 Li va yon nonm tankou bourik mawon. Men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li. Epi li va viv yon jan ki kont tout frè li yo.”
13 Epi li te rele non SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”, paske li te di: “Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”? 14 Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi. Gade byen, li la antre Kadès ak Bared.
15 Alò, Agar te fè yon fis pou Abram. E Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël. 16 Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.
16:1 Jen 11:30 16:1 Jen 12:16 16:2 Jen 30:3-10 16:3 Jen 12:4 16:5 Jr 51:35 16:6 Jen 16:9 16:7 Jen 21:17-18 16:8 Jen 3:9 16:10 Jen 22:15-18 16:10 Jen 17:20 16:11 Egz 2:23-24 16:12 Jen 25:18 16:13 Jen 32:20 16:14 Jen 14:7 16:15 Jen 12:4