15
1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “✡Pa pè, Abram, Mwen se yon ✡pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”
2 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” 3 Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki ✡fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”
4 Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, ✡men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”
5 Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e ✡kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”
6 ✡Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.
7 Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan ✡Ur a Kaldeyen yo, pou ✡bay ou peyi sa a pou posede li.”
8 Abram te di: “O Senyè BONDYE, ✡kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vre?”
9 Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twazan, yon mal mouton nan twazan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”
10 Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de mòso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li ✡pa t koupe zwazo yo. 11 Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale.
12 Alò, lè solèy la t ap desann, ✡yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.
13 Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke ✡desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e ✡va oprime pandan kat-san ane. 14 Men mwen va osi jije nasyon ✡ ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen. 15 Men pou ou menm, ✡ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse. 16 Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske ✡inikite Amoreyen yo poko fini.”
17 Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te ✡pase antre mòso sa yo.
18 Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan ✡larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate, 19 ✡peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo, 20 Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo, 21 Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebizyen yo.”
✡ 15:1 Jen 21:17 ✡ 15:1 Det 33:29 ✡ 15:3 Jen 14:14 ✡ 15:4 Gal 4:28 ✡ 15:5 Jen 22:17 ✡ 15:6 Wo 4:3,20-22 ✡ 15:7 Jn 11:31 ✡ 15:7 Jen 13:15-17 ✡ 15:8 Jij 6:36-40 ✡ 15:10 Lev 1:17 ✡ 15:12 Jen 2:21 ✡ 15:13 Trav 7:6 ✡ 15:13 Egz 1:11 ✡ 15:14 Egz 12:32-38 ✡ 15:15 Jen 25:8 ✡ 15:16 Lev 18:24-28 ✡ 15:17 Jr 34:18-19 ✡ 15:18 Nonb 34:1-15 ✡ 15:19 Egz 3:17