GALAT YO
1
1 Mwen, Paul, yon apot ✡ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò— 2 ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout ✡legliz nan Galatie yo: 3 ✡Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, 4 ki ✡te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte ✡Bondye ak Papa nou an. 5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen.
6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou ✡yon lòt levanjil; 7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap ✡twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. 8 Men menmsi nou menm, oubyen ✡yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. 9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si ✡yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.
10 Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon ✡sèvitè a Kris la.
11 Paske ✡mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm. 12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon ✡revelasyon a Jésus Kri. 13 Paske, nou konn tande listwa a ✡fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li. 14 Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou ✡tradisyon zansèt mwen yo. 15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e ✡te rele mwen selon gras Li a, te kontan 16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab ✡preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san. 17 ✡Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.
18 Answit ✡twaz an pita, mwen te monte ✡Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou. 19 Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte ✡Jacques, frè a Senyè a. 20 (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans ✡devan Bondye ke mwen p ap bay manti.) 21 Konsa ✡mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie. 22 Mwen te toujou enkoni devan zye a ✡legliz Judée ki te an Kris yo, 23 men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te ✡eseye detwi a.” 24 Konsa, yo ✡t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.
✡ 1:1 Gal 1:11 ✡ 1:2 Trav 16:6 ✡ 1:3 Wo 1:7 ✡ 1:4 Gal 2:20 ✡ 1:4 Fil 4:20 ✡ 1:6 II Kwo 11:4 ✡ 1:7 Trav 15:24 ✡ 1:8 II Kor 11:14 ✡ 1:9 Wo 16:17 ✡ 1:10 Wo 1:1 ✡ 1:11 Wo 2:16 ✡ 1:12 I Kor 2:10 ✡ 1:13 Trav 26:4 ✡ 1:14 Mat 15:2 ✡ 1:15 És 49:1,5 ✡ 1:16 Trav 9:15 ✡ 1:17 Trav 9:19-22 ✡ 1:18 Trav 9:22 ✡ 1:18 Trav 9:26 ✡ 1:19 Mat 12:46 ✡ 1:20 Wo 9:1 ✡ 1:21 Trav 9:30 ✡ 1:22 I Tes 2:14 ✡ 1:23 Trav 9:21 ✡ 1:24 Mat 9:8