13
1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. ✡“Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” 2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap ✡epagne pèsòn. 3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men ✡byen pwisan nan nou. 4 Paske malgre Li te ✡krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de ✡pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. ✡Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? 6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.
7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve. 8 Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a. 9 Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab ✡vin konplè. 10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen ✡itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.
11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte ✡vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou. 12 ✡Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.
13 ✡Tout sen yo salye nou.
14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak ✡dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.
✡ 13:1 Det 17:6 ✡ 13:2 II Kor 1:23 ✡ 13:3 II Kor 9:8 ✡ 13:4 Fil 2:7 ✡ 13:4 I Kor 6:14 ✡ 13:5 I Kor 11:28 ✡ 13:9 I Kor 1:10 ✡ 13:10 Tit 1:3 ✡ 13:11 Wo 12:16 ✡ 13:12 Wo 16:16 ✡ 13:13 Fil 4:22 ✡ 13:14 Fil 2:1