15
Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.”
Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a. Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.
Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon rapò konple de tout sa ke Bondye te fè avèk yo.
Men kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.”
Apòt ak ansyen yo te vin reyini ansanm pou egzamine afè sila a.
Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl levanjil la, e vin kwè. Bondye ki konnen kè a, te temwaye a yo menm, e te bay yo Lespri Sen an, menm jan ke Li te fè nou an. Li pa t fè distenksyon antre nou ak yo, e te netwaye kè yo pa lafwa.
10 “Alò konsa, poukisa nou mete Bondye a leprèv la a lè nou plase sou kou a disip yo yon jouk ke ni zansèt nou yo, ni nou menm pa t kapab pote? 11 Men nou kwè ke nou sove pa lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”
12 Tout foul la te rete an silans. Yo t ap koute Barnabas ak Paul lè yo t ap eksplike ki sign ak mirak Bondye te fè atravè yo menm pami pèp etranje yo.
13 Apre yo te fin pale Jacques te reponn e te di: “Frè yo, koute mwen. 14  Simon eksplike nou jan Bondye te premyèman pran pami pèp etranje yo, yon pèp pou non Li. 15 Epi avèk sa a, pawòl a pwofèt yo dakò, jis jan sa ekri a:
16  ‘Apre bagay sa yo Mwen va retounen.
Mwen va rebati tabènak David ki te tonbe a.
Mwen va rebati ranblè li yo,
e Mwen va restore li
17 pou tout rès limanite a kapab chache Bondye,
ak tout pèp etranje yo ki rele pa non Mwen,’
18 di Senyè a ki fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.
19 “Konsa, se jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo, 20 men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san. 21 Paske Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li kon li nan sinagòg yo chak Saba.”
22 Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo. 23 Yo te voye lèt sa a avèk yo:
Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.
24 “Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou, 25  li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul. 26 Se mesye yo ki riske lavi yo pou non a Senyè nou an, Jésus Kri.
27 “Konsa, nou voye Jude ak Silas ki yo menm va osi bay rapò a menm bagay sila yo pa pawòl nan bouch yo.
28 “Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: 29 pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”
30 Donk, lè yo te voye yo ale, yo te desann Antioche. Yo te ransanble tout asanble a ansanm pou te livre lèt la. 31 Lè yo te li li, yo te rejwi yo akoz ankourajman li te bay. 32 Jude ak Silas, ki te pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.
33 Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo. 34 Men li te sanble bon pou Silas pou l te rete la.
35 Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou preche e enstwi pawòl Senyè a.
36 Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.”
37 Barnabas te vle pran Jean Marc pou ale avèk yo tou.
38 Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la.
39 Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Chypre.
40 Men Paul te chwazi Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a. 41 Li te vwayaje travèse Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.
15:1 Trav 15:24 15:2 Trav 15:7 15:3 Trav 20:38 15:4 Trav 14:27 15:5 Trav 26:5 15:5 I Kwo 7:18 15:6 Trav 11:30 15:7 Trav 20:24 15:8 Trav 1:24 15:8 Trav 2:4 15:9 Trav 10:28,34 15:10 Trav 5:9 15:11 Wo 3:24 15:12 Trav 14:27 15:13 Trav 12:17 15:14 Trav 15:7 15:15 Trav 13:40 15:16 Am 9:11 15:17 Am 9:12 15:18 És 45:21 15:19 Trav 15:28 15:20 Lev 18:6-23 15:20 Lev 17:14 15:21 Trav 13:15 15:22 Trav 15:27,32,40 15:23 Trav 15:2 15:24 Gal 1:7 15:25 Trav 15:28 15:26 Trav 9:23 15:27 Trav 15:22,32 15:28 Trav 5:32 15:29 Trav 15:20 15:30 Trav 15:22 15:32 Trav 13:1 15:35 Trav 8:4 15:36 Trav 13:4,13,14,51 15:37 Trav 12:12 15:38 Trav 13:13 15:39 Trav 4:36 15:40 Trav 15:22 15:41 Mat 4:24