14
Nan Icone yo te antre nan sinagòg a Jwif yo ansanm, e yo te pale nan yon jan ki te fè yon gran foul, ni Jwif, ni Grèk kwè.
Men Jwif ki pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.
Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo.
Men moun vil yo te divize. Kèk te pran pati a Jwif yo, e kèk vè apòt yo.
Lè Jwif yo avèk ofisye yo ansanm ak pèp etranje yo te tante maltrete yo, e te fè plan lapide yo, yo te vin okouran de sa a, e te sove ale nan vil Lycaonie, Lystre, ak Derbe yo, ak tout rejyon ozanviwon an. Epi la Yo te kontinye preche bòn nouvèl la.
Nan Lystre te chita yon sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache. Mesye sa a t ap koute Paul pandan li t ap pale. Lè Paul te fikse zye l sou li, e te wè ke li te gen lafwa pou l ta geri, 10 li te di avèk yon vwa fò: “Kanpe dwat sou pye ou!” Konsa, li te vòltije kanpe, e te kòmanse mache.
11 Lè foul la te wè sa Paul te fè a, yo te leve vwa yo nan langaj Likaonyen an “Se dye yo ki vin sanble ak moun e ki desann vè nou.” 12 Konsa, yo te rele Barnabas Jupiter, e Paul Mercure, akoz ke se te li menm ki te chèf pou pale.
13 Alò, prèt Jupiter a, ki te gen tanp li fenk deyò vil la, te mennen towo bèf avèk kolye flè yo devan pòtay yo pou l te ofri sakrifis yo ansanm avèk foul la.
14 Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele 15 “Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann. 16 Nan jenerasyon ki pase yo, Li te pèmèt tout nasyon yo fè pwòp chemen yo. 17 Men malgre sa Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”
18 Malgre tout pawòl sa yo, se te avèk difikilte ke yo te anpeche foul la fè sakrifis a yo menm.
19 Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.
20 Men pandan disip yo te kanpe antoure li, li te leve, e te antre nan vil la.
Nan pwochen jou a, li te sòti avèk Barnabas pou rive Derbe. 21 Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche. 22 La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.” 23  Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.
24 Konsa, yo te travèse Pisidie, pou rive Pamphylie. 25 Lè yo te fin pale pawòl la nan Perge, yo te desann Attalie.
26 Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a. 27 Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te komanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri pòt lafwa a pèp etranje yo. 28 La yo te pase anpil tan avèk disip yo.
14:1 Trav 13:5 14:1 Trav 2:47 14:2 Jn 3:36 14:3 Trav 4:29 14:4 Trav 17:4 14:4 Trav 13:45,50 14:5 Trav 14:19 14:6 Trav 14:20 14:7 Trav 14:15,21 14:8 Trav 3:2 14:9 Mat 9:28 14:10 Trav 3:8 14:11 Trav 28:6 14:13 Dan 2:46 14:14 Nonb 14:6 14:15 Egz 20:11 14:16 Trav 17:30 14:17 Trav 17:26 14:19 Trav 14:5 14:20 Trav 11:26 14:21 Trav 2:47 14:22 Trav 6:7 14:22 Jn 16:33 14:23 Tit 1:5 14:23 Trav 13:3 14:24 Trav 13:14 14:24 Trav 13:13 14:26 Trav 11:23 14:27 I Kwo 16:9 14:28 Trav 11:26