ZACHARIE
1
1 Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a ✡Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a ✡Iddo a. Li te di: 2 “SENYÈ a te ✡fache anpil anpil avèk zansèt nou yo. 3 Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ✡“Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo. 4 “Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo ✡pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.✡ 5 ✡Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi ✡pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan? 6 Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo?
“Konsa yo te repanti, e te di: ✡‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’ ”
7 Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: 8 Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon ✡cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval ✡blan.
9 Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?”
Epi ✡zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”
10 Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè ✡patwouj sou latè.”
11 Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen ✡tout tè a kalm. Li gen lapè.” 12 Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, ✡ pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan ✡swasann-dis ane sila yo?”
13 SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.✡ 14 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen ✡jalou depase pou Jérusalem ak Sion. 15 Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki ✡ alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.” 16 Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap ✡retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. ✡Kay Mwen an va bati ladan l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.” ’
17 “Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ✡“Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e ✡chwazi Jérusalem ankò.” ’ ”
18 Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn. 19 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?”
Li te reponn mwen: “Sa yo se ✡kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.” 20 SENYÈ a te montre mwen kat ✡gwo bòs fòjewon. 21 Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou ✡fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.”
✡ 1:1 Esd 5:1 ✡ 1:1 Né 12:4,16 ✡ 1:2 II Kwo 36:16 ✡ 1:3 És 31:6 ✡ 1:4 Jr 6:17 ✡ 1:4 És 1:16-19 ✡ 1:5 Lam 5:7 ✡ 1:5 Jn 8:52 ✡ 1:6 Lam 2:17 ✡ 1:8 Za 6:2 ✡ 1:8 Rev 6:2 ✡ 1:9 Za 2:3 ✡ 1:10 Job 1:7 ✡ 1:11 És 14:7 ✡ 1:12 Sòm 74:10 ✡ 1:12 Jr 25:11 ✡ 1:13 És 40:1,2 ✡ 1:14 Za 8:2 ✡ 1:15 Sòm 123:4; Am 1:11 ✡ 1:16 És 54:8-10 ✡ 1:16 Esd 6:14,15 ✡ 1:17 És 44:26 ✡ 1:17 Za 2:12 ✡ 1:19 I Wa 22:11 ✡ 1:20 És 44:12 ✡ 1:21 Sòm 75:10