3
1 Men konprann sa, ke ✡nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo ✡renmen lajan, ✡ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 ✡san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan ✡san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm ✡sentete, sepandan yo nye pouvwa li.
Evite moun konsa yo. 6 Paske pami yo menm, gen moun ki ✡antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa ✡move lanvi de tout kalite, 7 k ap toujou aprann e ki pa janm ✡rive a konesans verite a.
8 Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze a verite a; ✡lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.
9 Men yo p ap fè plis pwogrè, paske ✡foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.
10 Alò, ou te ✡swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans ✡lanmou, pèseverans 11 ✡pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. ✡A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus ✡va pèsekite.
13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal ✡nan twonpe moun ak vin twonpe.
14 Sepandan, ou menm ✡kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen ✡Lekriti sakre yo, ki kapab ✡bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 ✡Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen ✡prepare pou tout bon zèv.
✡ 3:1 I Tim 4:1 ✡ 3:2 Luc 16:14 ✡ 3:2 Wo 1:30 ✡ 3:3 Wo 1:31 ✡ 3:3 I Tim 3:11 ✡ 3:5 I Tim 3:6 ✡ 3:6 Jd 1:4 ✡ 3:6 Tit 3:3 ✡ 3:7 II Tim 2:25 ✡ 3:8 I Tim 6:5 ✡ 3:9 Luc 6:11 ✡ 3:10 I Tim 4:6 ✡ 3:10 I Tim 6:11 ✡ 3:11 II Kor 11:23-27 ✡ 3:11 Wo 15:31 ✡ 3:12 Jn 15:20 ✡ 3:13 Tit 3:3 ✡ 3:14 Tit 1:13 ✡ 3:15 Jn 5:47 ✡ 3:15 Sòm 119:98 ✡ 3:16 Wo 4:23 ✡ 3:17 II Tim 2:21