II TIMOTHÉE
1
1 Paul ✡yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus, 2 a Timothée ✡fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.
3 ✡Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4 ✡avèk lanvi pou m wè ou ✡menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
5 Paske mwen sonje ✡lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete ✡nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou. 6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe ✡don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
7 Paske Bondye pa bannou yon ✡lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
8 Konsa ✡pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan ✡soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9 ki te sove nou e te ✡rele nou avèk yon apèl ki sen, ✡pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te ✡aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la. 11 ✡Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo. 12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men ✡mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.
13 ✡Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan ✡lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.
14 Veye byen, selon lespri Sen ki ✡demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.
15 Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te ✡vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.
16 Ke Senyè a bay mizerikòd a ✡lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo; 17 men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen. 18 Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan ✡jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.
✡ 1:1 II Kor 1:1 ✡ 1:2 I Tim 1:2 ✡ 1:3 Wo 1:8 ✡ 1:4 II Tim 4:9,21 ✡ 1:4 Trav 20:37 ✡ 1:5 I Tim 1:5 ✡ 1:5 Trav 16:1 ✡ 1:6 I Tim 4:14 ✡ 1:7 Jn 14:27 ✡ 1:8 Mc 8:38 ✡ 1:8 II Tim 2:3,9 ✡ 1:9 Wo 8:28 ✡ 1:9 Ef 2:9 ✡ 1:10 I Kor 15:26 ✡ 1:11 I Tim 2:7 ✡ 1:12 II Tim 1:8,16 ✡ 1:13 Tit 1:9 ✡ 1:13 I Tim 1:14 ✡ 1:14 Wo 8:9 ✡ 1:15 II Tim 4:10,16 ✡ 1:16 II Tim 4:10,16 ✡ 1:18 I Kor 1:8