5
1 Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive ✡Asdod. 2 Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li ✡lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon. 3 Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, ✡Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò. 4 Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, ✡Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li. 5 Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm ✡foule pye yo nan papòt Dagon an. 6 Alò ✡men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni tèritwa li yo.
7 Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.” 8 Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?”
Yo te reponn: “Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath.” Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive. 9 Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton ✡ yo te vin pete sou yo. 10 Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron.
Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.” 11 Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. ✡Men SENYÈ a te lou kote sa a. 12 Epi Mesye ki pa t mouri yo te frape avèk gwo boul bouton yo, e ✡gwo kri lavil la te monte jis rive nan syèl la.
✡ 5:1 Jos 13:3 ✡ 5:2 Jij 16:23-30 ✡ 5:3 És 19:1 ✡ 5:4 Esd 6:4-6 ✡ 5:5 So 1:9 ✡ 5:6 Sòm 145:20 ✡ 5:9 Jen 46:8-27 ✡ 5:11 I Sam 5:6-9 ✡ 5:12 Egz 12:30