8
1 Lè Jèn Mouton an te ouvri ✡setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.
2 Epi mwen te wè ✡sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.
3 Yon lòt zanj te vin kanpe devan ✡lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil ✡lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan. 4 Konsa, ✡lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.
5 Zanj lan te pran lansanswa a, li✡plen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo ✡kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè. 6 ✡Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.
7 Premye a te sone, epi te vin parèt ✡lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.
8 Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan ✡lanmè a te tounen san. 9 Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan ✡bato yo te detwi.
10 Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te ✡tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak ✡sous dlo yo. 11 Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin ✡anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.
12 Katriyèm zanj lan te sone, epi yon ✡tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.
13 Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan ✡mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a ✡sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”
✡ 8:1 Rev 5:1 ✡ 8:2 Rev 8:6-13 ✡ 8:3 Rev 6:9 ✡ 8:3 Rev 5:8 ✡ 8:4 Sòm 14:1,2 ✡ 8:5 Lev 16:12 ✡ 8:5 Egz 19:16 ✡ 8:6 Rev 8:2 ✡ 8:7 Egz 9:23 ✡ 8:8 Egz 7:17 ✡ 8:9 És 2:16 ✡ 8:10 És 14:12 ✡ 8:10 Rev 14:7 ✡ 8:11 Jr 9:15 ✡ 8:12 Egz 10:21 ✡ 8:13 Rev 14:6 ✡ 8:13 Rev 3:10