15
Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.
Mwen te wè yon bagay tankou lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.
Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:
“Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,
O Senyè, Bondye Toupwisan an!
Jis e vrè, se chemen Ou yo,
Wa a nasyon yo.
Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,
epi bay glwa a non Ou?
Paske se Ou sèl ki sen.
Paske tout nasyon yo va vini
pou adore devan Ou.
Paske zèv ladwati Ou yo,
Ou gen tan revele.”
Apre bagay sa yo, mwen te gade, e tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri. Konsa, sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an lò.
Answit, youn nan kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan.
Epi tanp lan te vin ranpli avèk lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.
15:1 Lev 26:21 15:2 Rev 4:6 15:2 Rev 12:11 15:3 Egz 15:1 15:3 Det 32:3 15:4 Sòm 86:9 15:5 Rev 11:19 15:6 Rev 15:1 15:7 Rev 4:6 15:8 Egz 19:18