7
1 Oubyen èske nou pa konnen, ✡frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan? 2 Paske yon ✡fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason. 4 Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te ✡oblije mouri ✡a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye. 5 Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo ✡leve nan nou, ki t ap travay ✡nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò. 6 Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi ✡nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.
7 Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou ✡“lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”. 8 Men peche, ki te pran opòtinite atravè✡Lalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri. 9 Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri. 10 Konsa, kòmandman sa a ki te ✡fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen. 11 Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, ✡te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen. 12 ✡Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.
13 Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? ✡Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a. 14 Paske nou konnen ke Lalwa a ✡baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. 15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike ✡sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. 16 Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk ✡Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. 17 Donk Koulye a ✡se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan ✡chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. 19 ✡Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. 20 Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, ✡mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 21 Donk, mwen twouve kòm✡prensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji ✡andedan an, 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon ✡lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan ✡kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.
✡ 7:1 Wo 1:13 ✡ 7:2 I Kwo 7:39 ✡ 7:4 Wo 7:6 ✡ 7:4 Gal 2:19 ✡ 7:5 Wo 7:7 ✡ 7:5 Wo 6:13,21,23 ✡ 7:6 Wo 6:2 ✡ 7:7 Egz 20:17 ✡ 7:8 Wo 3:20 ✡ 7:10 Lev 18:5 ✡ 7:11 Jen 3:13 ✡ 7:12 Wo 7:16 ✡ 7:13 Luc 20:16 ✡ 7:14 I Kwo 3:1 ✡ 7:15 Wo 7:19 ✡ 7:16 Wo 7:12 ✡ 7:17 Wo 7:20 ✡ 7:18 Jn 3:6 ✡ 7:19 Wo 7:15 ✡ 7:20 Wo 7:17 ✡ 7:21 Wo 7:23,25 ✡ 7:22 II Kwo 4:16 ✡ 7:23 Wo 6:19 ✡ 7:24 Wo 6:6