4
1 Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou ✡selon lachè te jwenn kon jijman? 2 Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men ✡pa devan Bondye. 3 Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: ✡ “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.” 4 Alò, nou konnen ke sila ki ✡travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. 5 Men pou sila ki pa travay la, men ✡kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li. 6 Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo:
7 ✡“Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo,
e ke peche pa yo gen tan fin kouvri.
8 ✡Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.”
9 Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: ✡“Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.” 10 Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a! 11 Li te ✡resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a ✡tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo. 12 Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.
13 Paske pwomès a Abraham ak ✡desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. 14 Paske ✡si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. 15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men ✡kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.
16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa ✡gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a ✡sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. 17 Jan sa ekri a: ✡“Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. 18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: ✡“Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske ✡li te gen anviwon san lane e ✡vant Sarah a te esteril akoz laj li.
20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e ✡te toujou bay Bondye lwanj. 21 ✡Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22 Donk ✡sa te konte osi pou li kòm ladwati. 23 Se ✡pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ✡ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. 25 Li menm ki te ✡livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.
✡ 4:1 Wo 1:3 ✡ 4:2 I Kwo 1:31 ✡ 4:3 Jen 15:6 ✡ 4:4 Wo 11:6 ✡ 4:5 Jn 6:29 ✡ 4:7 Sòm 32:1 ✡ 4:8 Sòm 32:2 ✡ 4:9 Jen 15:6 ✡ 4:11 Jen 17:10 ✡ 4:11 Wo 3:22 ✡ 4:13 Jen 17:4-6 ✡ 4:14 Gal 3:8 ✡ 4:15 Wo 3:20 ✡ 4:16 Wo 3:24 ✡ 4:16 Gal 3:7 ✡ 4:17 Jen 17:5 ✡ 4:18 Jen 15:5 ✡ 4:19 Jen 17:17 ✡ 4:19 Jen 18:11 ✡ 4:20 Mat 9:8 ✡ 4:21 Wo 14:5 ✡ 4:22 Jen 15:6 ✡ 4:23 Wo 15:4 ✡ 4:24 Wo 10:9 ✡ 4:25 És 53:4; 55