12
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou ✡prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa ✡renouvèlman lespri nou, pou nou kapab ✡pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou ✡pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske ✡menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè ✡yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki ✡pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se ✡fè sèvis, nan sèvi moun, si se ✡enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; ✡si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
9 Se pou nou renmen ✡san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 ✡Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete ✡zele nan lespri nou, ak ✡nan sèvis Senyè a, 12 ✡rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon ✡pèsevere nan lapriyè. 13 ✡Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou ✡pratike ospitalite.
14 ✡Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15 ✡Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. ✡Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 ✡Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou ✡rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: ✡“Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 ✡“Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
✡ 12:1 Wo 6:13,19 ✡ 12:2 Ef 4:23 ✡ 12:2 Ef 5:10,17 ✡ 12:3 Wo 11:20 ✡ 12:4 I Kwo 12:12-14 ✡ 12:5 I Kwo 12:20,27 ✡ 12:6 Wo 12:3 ✡ 12:7 Trav 6:1 ✡ 12:7 Trav 13:1 ✡ 12:8 I Tim 5:17 ✡ 12:9 II Kwo 6:6 ✡ 12:10 Jn 13:34 ✡ 12:11 Trav 18:25 ✡ 12:11 Trav 20:19 ✡ 12:12 Wo 5:2 ✡ 12:12 Trav 5:14 ✡ 12:13 II Kwo 9:1 ✡ 12:13 Mat 25:35 ✡ 12:14 Mat 5:44 ✡ 12:15 Job 30:25 ✡ 12:16 Pwov 3:7 ✡ 12:17 Pwov 20:22 ✡ 12:18 Mc 9:50 ✡ 12:19 Det 32:35 ✡ 12:20 II Wa 6:22