10
1 Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. 2 Paske mwen temwaye de yo ke yo ✡gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. 3 Paske san konesans de ✡ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. 4 Paske ✡Kris fè lalwa a akonpli, pou ladwati de tout sila ki kwè yo.
5 Moïse te ekri ke moun ✡ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men ✡ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: ✡“Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou ✡mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? ✡“Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke ✡Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: ✡“Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12 Paske ✡pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, ✡“Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li ✡si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san ✡yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:
✡“A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl
a bon bagay yo bèl!”
16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: ✡“Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan ✡tande, e tande pa ✡pawòl a Kris la. 18 Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande:
✡“Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.”
Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.
 
19 Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di:
✡“M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon;
avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”
 
20 Ésaïe, ak kouraj te di: ✡“Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo;
Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”
 
21 Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”
✡ 10:2 Trav 21:20 ✡ 10:3 Wo 1:17 ✡ 10:4 Wo 7:1-4 ✡ 10:5 Lev 18:5 ✡ 10:6 Wo 9:30 ✡ 10:6 Det 30:12 ✡ 10:7 Eb 13:20 ✡ 10:8 Det 30:14 ✡ 10:9 Trav 2:24 ✡ 10:11 És 28:16 ✡ 10:12 Wo 3:22,29 ✡ 10:13 Jl 2:32 ✡ 10:14 Ef 2:17 ✡ 10:14 Trav 8:31 ✡ 10:15 És 52:7 ✡ 10:16 És 53:1 ✡ 10:17 Gal 3:2,5 ✡ 10:17 Kol 3:16 ✡ 10:18 Sòm 19:4 ✡ 10:19 Det 32:21 ✡ 10:20 És 65:1