7
Alò, fis a Issacar yo se te kat: Thola, Pua, Jaschub avèk Schimron. Fis a Thola yo te Uzzi, Rephaja, Jeriel, Jachmaï, Jibsam ak Samuel, chèf lakay zansèt pa yo a. Fis a Thola yo te mesye gwo kouraj nan jenerasyon pa yo; fòs kantite yo nan jou a David yo te venn-de-mil-sis-san. Fis a Uzzi a te Jizrachja. Fis a Jizrachja yo: Micaël, Abdias, Joël, Jischija; tout nan senk sa yo se te moun chèf yo te ye. Avèk yo pa jenerasyon pa yo selon lakay zansèt pa yo, te trann-si-mil sòlda nan lame pou fè lagè, paske yo te gen anpil madanm avèk fis. Fanmi pa yo pami tout fanmi a Issacar yo te mesye gwo kouraj, anrejistre selon zansèt pa yo; antou, katre-ven-mil sòlda.
Fis a Benjamin yo se te twa: Béla, Béker avèk Jediaël. Fis Bela yo te senk: Etsbon, Uzzi, Uziel, Jerimoth avèk Iri. Yo te chèf lakay zansèt pa yo, mesye ak gwo kouraj e yo te venn-de-mil-trant-kat anrejistre pa zansèt pa yo. Fis a Béker yo: Zemira, Joasch, Éliézer, Eljoénaï, Omri, Jerémoth, Abija, Anathoth avèk Alameth; tout nan senk sa yo te fis a Béker. Yo te anrejistre pa zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, ven-mil-de-san mesye ak gwo kouraj. 10 Fis a Jediaël la: Bilhan. Fis a Bilhan yo: Jeusch, Benjamin, Éhud, Kenaana, Zéthan, Tarsis ak Achischachar, 11 Tout sila yo te fis a Jediaël, selon chèf a lakay papa yo, di-sèt mil-de-sant mesye ak gwo kouraj ki te prè pou sòti fè lagè avèk lame a. 12 Schuppim avèk Huppim te fis a Ir yo; Huschim te fis a Acher a.
13 Fis a Nephthali yo: Jahtsiel, Guni, Jetser avèk Schallum, fis a Bilha yo.
14 Fis a Manassé yo: Asriel, fèt pa ti mennaj Siryen li an; li te fè Makir, papa a Galaad. 15 Makir te pran yon madanm pou Huppim ak Schuppim. Non a sè li a te Maaca. Non a dezyèm fis la te Tselophchad; epi Tselophchad te gen fi. 16 Maaca, madanm a Mamakir a te fè yon fis e te rele li Péresch; non a frè li a te Schéresch e fis pa li yo te Ulam avèk Rékem. 17 Fis a Ulam la te Bedan. Sila yo te fis a Galaad, fis a Makir a, fis a Manassé a. 18 Sè li, Hammoléketh te fè Ischhod, Abiézer ak Machla. 19 Fis a Schemida yo te Achjan, Sichem, Likchi ak Aniam.
20  Fis a Éphraïm yo: Schutélach; Béred, fis pa li; Thachath, fis pa li; Éleada, fis pa li; Thachath, fis pa li; 21 Zabad, fis li; Schutélach, fis li; Ézer avèk Élead ki mesye Gath ki te fèt nan peyi yo te touye, akoz yo te desann pou vòlè bèt yo. 22 Papa yo, Éphraïm te kriye pandan anpil jou e fanmi li te vini rekonfòte l. 23 Epi li te vin antre nan madanm li, li te vin ansent, li te fè yon fis e li te bay li non Beria, akoz malè ki te rive lakay li a. 24 Fi li a se te Scheera, ki te bati ni ba ni wo Beth-Horon, avèk Uzzen-Schééra. 25 Réphach, fis li a ak Rescheph; Thélach, fis li a; Thachan, fis li a; 26 Laedan, fis li a; Ammihud, fis li a; Élischama, fis li a; 27 Nun, fis li a; Josué, fis li a. 28 Teritwa pa yo avèk anplasman pa yo te Béthel avèk vil pa li yo ak nan lès Naaran; nan lwès, Guézer avèk vil pa li yo, Sichem avèk vil pa li yo, jis rive Gaza avèk vil pa li yo e Sichem avèk vil pa li yo jis rive nan Ayya avèk vil pa li yo, 29 epi tou, nan longè fwontyè a fis Manassé yo, Beth-Schean avèk vil pa li yo, Thaanac avèk vil pa li yo, Meguiddo avèk vil pa li yo, Dor avèk vil pa li yo. Nan sila yo, te viv fis a Joseph yo, fis a Israël a.
30 Fis a Aser yo: Jimna, Jischiva, Jischvi ak Beria; avèk Sérach, sè yo. 31 Fis a Beria yo: Héber avèk Malkiel, ki te papa a Birzaith. 32 Héber te vin papa a Japhleth, Schomer avèk Hotham ak Schua, sè yo. 33 Fis a Japhleth yo: Pasac, Bimhal ak Aschvath. Sila yo se te fis a Japhleth yo. 34 Fis a Schamer yo: Achi, Rohega, Hubba ak Aram. 35 Fis a Hélem yo, frè li a: Tsophach, Jimna, Schélèsch ak Amal. 36 Fis a Tsophach yo: Suach, Harnépher, Schual, Béri, Jimra, 37 Betser, Hod, Schamma, Schilscha, Jithran ak Beéra. 38 Fis a Jéther yo: Jephunné, Pispa ak Ara. 39 Fis a Ulla yo: Arach, Hanniel ak Ritsja. 40 Tout sila yo te fis a Aser, chèf lakay zansèt pa yo, mesye byen chwazi, byen fò e plen ak kouraj, chèf an tèt sou chèf yo. Epi non pa yo anrejistre selon zansèt pa yo, pou sèvis lagè te venn-si-mil òm.
7:2 II Sam 24:1-9 7:3 I Kwo 5:24 7:6 I Kwo 8:1-40 7:20 Nonb 26:35-36 7:22 Jen 37:34 7:24 Jos 16:3-5 7:29 Jij 1:22-29