25
Anplis, David avèk kòmandan lame yo te mete apa pou sèvis kèk nan fis a Asaph yo, Héman ak Jeduthun pou pwofetize avèk gita yo, ap ak senbal; epi fòs kantite moun ki te fè sèvis pa yo se te: Nan fis a Asaph yo: Zaccur, Joseph, Nethania avèk Aschareéla; fis a Asaph yo te anba direksyon a Asaph, ki te pwofetize anba direksyon a wa a. Selon Juduthun, fis a Juduthun yo: Guedalia, Tseri, Ésaïe, Haschabia, Matthithia avèk Schimeï, sis, anba direksyon a papa yo, Juduthun, avèk ap la, ki te konn pwofetize nan bay remèsiman avèk lwanj SENYÈ a. Selon Héman, fis a Héman nan: Bukkija, Matthania, Uziel, Schebuel, Jerimoth, Hanania, Hanani, Éliatha, Guiddalthi, Romamthi-Ézer, Joschbekascha, Mallòthi, Hothir, Machazioth. Tout sila yo te fis a Héman yo, konseye a wa a ki pou bay li ekspiyasyon selon pawòl a Bondye; paske Bondye te bay katòz fis ak twa fi a Héman. Tout te anba direksyon a papa yo pou chante lakay SENYÈ a, avèk senbal, ap ak gita yo, pou sèvis kay Bondye a. Asaph, Jeduthun avèk Héman te anba direksyon wa a. Fòs kantite nan yo ki te prepare kon chantè a SENYÈ yo, avèk manm fanmi pa yo, tout te byen abil, te de-san-katreven-di-zuit. Yo te tire osò pou travay tach yo, tout menm jan an, piti kon gran, pwofesè kon elèv.
Alò, premye tiraj osò a te tonbe a Asaph pou Joseph, dezyèm nan pou Guedalia, li menm, fanmi li ak fis pa li yo te fè douz; 10 Twazyèm nan a Zaccur, fis li yo avèk fanmi li, douz; 11 katriyèm nan a Jìtseri, fis li yo avèk fanmi li, douz; 12 senkyèm nan a Nethania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 13 sizyèm nan a Bukkija, fis li yo avèk fanmi li, douz; 14 setyèm nan a Jesareéla, fis li yo avèk fanmi li, douz; 15 uityèm nan a Ésaïe, fis li yo avèk fanmi li, douz; 16 nevyèm nan a Matthania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 17 dizyèm nan a Schimeï, fis li yo avèk fanmi li, douz; 18 onzyèm nan a Azareel, fis li yo avèk fanmi li, douz; 19 douzyèm nan a Haschabia, fis li yo avèk fanmi li, douz; 20 trèzyèm nan a Schubaël, fis li yo avèk fanmi li, douz; 21 katòzyèm nan a Matthithia, fis li yo avèk fanmi li, douz; 22 kenzyèm nan a Jerémoth, fis li yo avèk fanmi li, douz; 23 sèzyèm nan a Hanania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 24 di-setyèm nan a Joschbekascha, fis li yo avèk fanmi li, douz; 25 di-zuityèm nan a Hanani, fis li yo avèk fanmi li, douz; 26 diz-nevyèm nan a Mallothi, fis li yo avèk fanmi li, douz; 27 ventyèm nan a Élijatha, fis li yo avèk fanmi li, douz; 28 ven-te-inyèm nan a Hothir, fis li yo avèk fanmi li, douz; 29 venn-dezyèm nan a Guiddalthi, fis li yo avèk fanmi li, douz; 30 venn-twazyèm nan a Machazioth, fis li yo avèk fanmi li, douz; 31 venn-katriyèm nan a Romamthi-Ézer, fis li yo avèk fanmi li, douz.
25:1 II Wa 3:15 25:3 I Kwo 16:41-42 25:5 II Sam 24:11 25:6 I Kwo 15:16-19 25:7 I Kwo 23:5