23
Alò, lè David te vin granmoun, li te fè fis li Salomon, wa sou Israël. Li te ranmase tout chèf Israël yo avèk prèt ak Levit yo. Levit yo te kontwole soti nan trant ane oswa plis e fòs non pa yo selon gwo chif kontwòl la, te trant-uit-mil. Nan sila yo, venn-kat-mil te pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te ofisye avèk jij, kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.
David te divize yo an gwoup selon fanmi de fis yo a Lévi: Guerschon, Kehath, ak Merari.
Nan Gèshonit yo: Laedan avèk Schimeï. Fis a Laedan yo: Jehiel, premye a, Zétham ak Joël, ki fè twa. Fis a Shimei yo: Schelomith, Haziel avèk Haran, ki fè twa. Sila yo se te chèf lakay zansèt a Ladann yo. 10 Fis a Shimei yo: Jahath, Zina, Jeush avèk Berlah. Kat sila yo te fis a Schimeï. 11 Jachath se te premye a e Zina dezyèm nan; men Jeusch avèk Beria pa t fè anpil fis; akoz sa, yo te fòme yon sèl kay zansèt, yon sèl gwoup.
12 Fis a Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron avèk Uziel, kat. 13 Fis a Anram yo: Aaron avèk Moïse. Epi Aaron te mete apa pou l te kab sanktifye li kote ki pi sen pase tout kote a, li menm avèk fis pa li yo jis pou tout tan, pou brile lansan devan SENYÈ a, pou fè sèvis pa Li, e pou beni nan non Li jis pou tout tan. 14 Men Moïse, nonm Bondye a, fis pa li yo te rele pami tribi Lévi a. 15 Fis a Moïse yo: Guerschom avèk Éliézer. 16 Fis a Guerschom yo: Schebuel, chèf la. 17 Fis a Éliézer a te Rechabia, chèf la. Éliézer pa t gen lòt fis, men fis a Rechabia yo te an gran kantite. 18 Fis a Jitsehar a: Schelomith, chèf la. 19 Fis a Hébron yo: Jerija, premye a; Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan; epi Jekameam, katriyèm nan. 20 Fis a Uziel yo: Michée, premye a ak Jischija, dezyèm nan.
21 Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi. Fis a Machli yo: Éléazar avèk Kis. 22 Éléazar te mouri san fè fis, men fi sèlman; pou sa, frè pa yo, fis a Kis yo te pran yo kon madanm pa yo. 23 Fis a Muschi yo: Machli, Éder avèk Jerémoth, twa.
24  Sila yo se te fis a Lévi selon lakay zansèt pa yo, menm lakay zansèt a sila ki te kontwole nan kantite non nan gwo chif kontwòl la, sila ki t ap fè travay lakay SENYÈ a, soti nan ventan oswa plis. 25 Paske David te di: “SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay repo a pèp Li a, e Li va abite Jérusalem jis pou tout tan. 26 Anplis, Levit yo p ap ankò bezwen pote tabènak avèk tout zouti li yo pou sèvis li.” 27 Paske pa dènye pawòl a David yo, fis a Levi yo te kontwole soti ventan oswa plis. 28 Paske wòl pa yo se pou ede fis a Aaron yo avèk sèvis lakay SENYÈ a, nan gwo lakou yo, nan chanm yo ak nan pirifye tout bagay sen yo, menm travay a sèvis lakay Bondye a, 29  epi avèk pen konsakre ak farin fen pou yon ofrann sereyal, galèt san ledven, oswa sa ki kwit nan veso, ni sa ki byen mele ak tout mezi a volim oswa gwosè yo. 30 Yo gen pou kanpe chak maten pou bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, e menm jan an nan aswè, 31 epi pou ofri tout ofrann brile a SENYÈ a, nan Saba yo, nan nouvèl lin yo, avèk fèt etabli yo nan kontwòl ki òdone selon òdonans de yo menm, tout tan san rete devan SENYÈ a. 32 Konsa yo gen pou kenbe chaj sou asanble tant yo, chaj sou plas sen an e chaj sou fis Aaron yo, fanmi pa yo, pou sèvis lakay SENYÈ a.
23:1 I Kwo 29:28 23:3 Nonb 4:48 23:4 Esd 3:8-9 23:4 I Kwo 26:29 23:5 I Kwo 15:16 23:6 I Kwo 6:1 23:13 Egz 6:20 23:14 Det 33:1 23:24 Nonb 10:17-21 23:25 I Kwo 22:16 23:26 Nonb 4:5-15 23:29 Lev 24:5-9 23:29 Lev 19:35-36 23:31 És 1:13-14 23:31 Lev 23:2-4 23:32 Nonb 1:53