20
Li te vin rive nan prentan, nan lè ke wa yo konn sòti fè lagè, ke Joab te mennen sòti lame a, e te ravaje peyi a fis a Ammon yo. Li te vin fè syèj kont Rabba. Men David te rete Jérusalem. Joab te frape Rabba e te boulvèse li nèt. David te retire kouwòn a wa pa yo soti sou tèt li. Li te twouve ke li te peze yon talan lò, e te gen pyè presye yo ladann. Konsa, yo te plase li sou tèt a David. Konsa, li te mennen fè sòti piyaj nan vil la, yon trè gran kantite. Li te mennen fè sòti moun ki te ladann yo, te koupe yo avèk si ak enstriman file e avèk rach. Konsa David te fè a tout vil ki te pou fis a Ammon yo. Alò David avèk tout moun yo te retounen Jérusalem.
Alò li te vin rive apre sa ke lagè te vin pete nan Guézer avèk Filisten yo. Konsa, Sibbecaï, Oushatit la, te touye Sippaï, youn nan desandan a jeyan yo, e yo te vin soumèt yo.
Te gen lagè avèk Filisten yo ankò e Elchanan, fis a Jaïr a, te touye frè a Goliath la, Gatit la. Shaf a lans li an te gwo tankou shaf aparèy tise a. Ankò, te gen lagè avèk Gath kote te gen yon nonm gran wotè ki te genyen venn-kat dwèt ak zòtèy, sis avèk sis e li menm, osi, te yon desandan a jeyan yo. Lè li te voye defi bay Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te touye li. Mesye sila yo te jeyan Gath yo e yo te tonbe pa lamen David, ak lamen sèvitè li yo.
20:1 II Sam 12:26 20:2 II Sam 12:30-31 20:3 II Sam 12:31 20:4 II Sam 21:18-22 20:5 II Sam 21:19