99
1 SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble.
Li ✡ plase twòn Li an anwo cheriben yo.
Kite latè pran tranble!
2 SENYÈ a gran nan Sion.
Li ✡ leve wo anwo tout pèp yo.
3 Kite yo louwe non Ou ki ✡ gran e mèvèye;
Se sen ke Li ye.
 
4 Pwisans a Wa a ✡ renmen lajistis.
Ou te etabli ekite.
Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.
5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!
✡Adore nan machpye twòn Li an.
Se sen ke Li ye.
 
6 Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e
Samuel te pami sila ki te rele non Li yo.
Yo te ✡rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.
7 Li ✡ te pale ak yo nan pilye nwaj la.
Yo te kenbe temwayaj Li yo,
avèk règleman ke Li te bay yo.
8 O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo.
Ou te pou yo yon Bondye ki padone,
men Ou te pran ✡vanjans sou zak mechan yo.
9 Egzalte SENYÈ, Bondye nou an!
Adore nan mòn sen Li an,
paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!
✡ 99:1 Egz 25:22 ✡ 99:2 Sòm 97:9 ✡ 99:3 Det 28:58 ✡ 99:4 Sòm 11:7 ✡ 99:5 Sòm 132:7 ✡ 99:6 Egz 15:25 ✡ 99:7 Egz 33:9 ✡ 99:8 Egz 32:28