94
1 O SENYÈ, Bondye a ✡ vanjans lan,
Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!
2 Vin leve, O ✡ Jij sou tè a.
Bay rekonpans a moun ògeye yo.
3 Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,
pou konbyen de tan ✡ mechan yo va leve tèt yo wo?
4 Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.
Tout moun ki fè mechanste yo ✡ vante tèt yo.
5 Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.
✡Yo aflije eritaj Ou a.
6 Yo ✡ touye vèv yo avèk etranje a.
Yo asasine òfelen yo.
7 ✡ Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye
Jacob la p ap okipe sa a.”
8 Veye sa a, nou menm ki ✡ ensansib pami pèp la;
Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?
9 Sila ki te ✡ plante zòrèy la, èske Li pa tande?
Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.
10 Sila ki fè chatiman nasyon yo,
èske Li p ap fè repwòch?
Sila ki ✡enstwi lòm; Li konnen!
11 SENYÈ a ✡ konnen panse a lòm,
ke se sèlman yon souf ke yo ye.
12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,
O SENYÈ,
ke Ou ✡ enstwi nan lalwa Ou a,
13 pou Ou kapab bay li sekou nan ✡jou advèsite yo,
jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.
14 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,
ni Li p ap ✡ lage pèp eritaj Li a.
15 Paske ✡ jijman an va devni dwat ankò e
tout pèp ladwati yo va swiv li.
16 Se kilès ki va ✡ kanpe pou mwen kont malfektè yo?
Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?
17 Si ✡ SENYÈ a pa t sekou mwen,
nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
18 Si mwen ta di: ✡ “Pye m glise,”
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,
✡ konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
20 Èske yon ✡ twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?
Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?
21 Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,
e ✡ kondane inosan yo a lanmò.
22 Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e
Bondye mwen an, ✡wòch ki pwoteje mwen an.
23 Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e
va ✡ koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.
SENYÈ nou an va koupe retire yo.
✡ 94:1 Det 32:35 ✡ 94:2 Jen 18:25 ✡ 94:3 Job 20:5 ✡ 94:4 Sòm 10:3 ✡ 94:5 És 3:15 ✡ 94:6 És 10:2 ✡ 94:7 Job 22:13 ✡ 94:8 Sòm 92:6 ✡ 94:9 Egz 4:11 ✡ 94:10 Job 35:11 ✡ 94:11 Job 11:11 ✡ 94:12 Sòm 119:171 ✡ 94:13 Sòm 49:5 ✡ 94:14 Sòm 37:28 ✡ 94:15 Sòm 97:2 ✡ 94:16 Nonb 10:35 ✡ 94:17 Sòm 124:1-2 ✡ 94:18 Sòm 38:16 ✡ 94:19 És 57:18 ✡ 94:20 Am 6:3 ✡ 94:21 Egz 23:7 ✡ 94:22 Sòm 18:2 ✡ 94:23 Sòm 7:16