91
1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan ✡lonbraj Toupwisan an.
2 Mwen va di a SENYÈ a:
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete ✡konfyans!”
3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,
ak ✡ ravaj gwo maladi yo.
4 Li va ✡ kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni ✡flèch k ap vole lajounen,
6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men ✡ sa p ap pwoche ou.
8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou
✡ wè rekonpans a mechan yo.
9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin ✡ sekou ou,
menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
10 ✡ Nanpwen mal k ap rive ou,
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
11 Paske Li va bay ✡ zanj Li yo lòd konsènan ou menm,
pou veye ou nan tout chemen ou yo.
12 Yo va ✡ leve ou byen wo nan men yo,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.
13 Ou va ✡ pile sou lyon an ak koulèv la.
Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.
14 Paske li te renmen M konsa,
pou sa, Mwen va delivre li.
Mwen va ✡mete li byen solid an wo,
akoz li te rekonèt non Mwen.
15 Li va ✡ fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,
e kite li wè sali mwen.
✡ 91:1 Sòm 17:8 ✡ 91:2 Sòm 25:2 ✡ 91:3 I Wa 8:37 ✡ 91:4 És 51:16 ✡ 91:5 Sòm 64:4 ✡ 91:7 Jen 7:23 ✡ 91:8 Sòm 37:34 ✡ 91:9 Sòm 91:2 ✡ 91:10 Pwov 12:21 ✡ 91:11 Sòm 34:7 ✡ 91:12 Mat 4:6 ✡ 91:13 Jij 14:6 ✡ 91:14 Sòm 59:1 ✡ 91:15 Job 12:4