87
Yon Sòm a fis a Koré yo; Yon Chan
1 ✡ Fondasyon Li nan mòn sen yo.
2 SENYÈ a ✡ renmen pòtay Sion yo
plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.
3 Yo pale sou gran mèvèy ou,
O ✡ gran vil Bondye.
Tan
4 Mwen va mete ✡ Rahab avèk Babylone
pami sila ki rekonèt Mwen yo.
Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie:
“Tèl moun te fèt la”.
5 Men selon Sion, li va pale,
“Sa a ak sila a fèt ladann.”
Pi Wo a, Li menm, va ✡ etabli Sion.
6 SENYÈ a va konte lè Li ✡ anrejistre
tout pèp yo: “Sa a te fèt la”.
Tan
7 Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di:
“Tout ✡ sous bwote yo, se nan ou”.
✡ 87:1 Sòm 78:69 ✡ 87:2 Sòm 78:67-68 ✡ 87:3 Sòm 46:4 ✡ 87:4 Job 9:13 ✡ 87:5 Sòm 48:8 ✡ 87:6 Sòm 69:28 ✡ 87:7 Sòm 36:9