LIV 3
73
Yon Sòm Asaph
1 Anverite, Bondye bon a Israël,
a sila avèk kè ki ✡ san tach yo!
2 Men pou mwen, ✡ pye m te prèt pou glise tonbe,
Pa m yo te prèt pou chape.
3 Paske mwen te gen anvi awogan yo,
lè m te wè jan ✡mechan yo te byen reyisi.
4 Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
5 Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,
ni yo pa toumante tankou limanite.
6 Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl ✡ kolye.
Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.
7 Zye yo anfle nan mitan ✡ grès yo.
Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.
8 Yo ✡ giyonnen moun.
Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.
Yo pale konsi se anwo sa soti.
9 Nan bouch ✡ yo rive nan syèl la,
pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.
10 Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,
e yo kontinye bwè ✡ gran sous yo nèt.
11 Yo di: “Kòman Bondye konnen?
Eske gen konesans kote Pi Wo a?”
12 Gade byen, sila yo se mechan yo ye.
Konsi, toujou ✡ alèz, yo te agrandi richès yo.
13 Anverite, ✡ se an ven mwen te kenbe kè m san tach,
ak lave men m nan inosans.
14 Paske mwen te twouble tout lajounen
e te resevwa ✡ chatiman chak maten.
15 Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,”
gade byen, mwen ta trayi ✡ jenerasyon pitit Ou yo.
16 Lè m te ✡ reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.
17 Men jis lè m te antre nan sanktyè Bondye a,
mwen te vin konprann jan yo ta ✡ fini.
18 Anverite, Ou te mete yo kote ki ✡ glise anpil.
Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.
19 Men kijan yo va ✡ detwi nan yon enstan!
Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
20 Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ,
lè Ou leve, Ou va ✡ meprize pwòp fòm yo.
Ou va rayi rèv de lespri yo.
21 Lè kè m te vin anmè,
e kè m te ✡pike anndan m,
22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.
Mwen te tankou yon ✡bèt devan Ou.
23 Sepandan, ✡ mwen avè W tout tan.
Ou te kenbe men dwat mwen.
24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,
e apre, ✡resevwa mwen nan laglwa.
25 ✡ Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?
Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
26 ✡ Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va ✡ peri.
Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.
28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.
Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, ✡refij mwen,
Pou m kab pale tout zèv Ou yo.
✡ 73:1 Sòm 24:4 ✡ 73:2 Sòm 94:18 ✡ 73:3 Job 21:7 ✡ 73:6 Jen 41:42 ✡ 73:7 Job 15:27 ✡ 73:8 Sòm 1:1 ✡ 73:9 Rev 13:6 ✡ 73:10 Sòm 23:5 ✡ 73:12 Jr 49:31 ✡ 73:13 Job 21:15 ✡ 73:14 Job 33:9 ✡ 73:15 Sòm 14:5 ✡ 73:16 Ekl 8:17 ✡ 73:17 Sòm 37:38 ✡ 73:18 Sòm 35:6 ✡ 73:19 Nonb 16:21 ✡ 73:20 I Sam 2:30 ✡ 73:21 Trav 2:37 ✡ 73:22 Job 18:3 ✡ 73:23 Sòm 16:8 ✡ 73:24 Jen 5:24 ✡ 73:25 Sòm 16:2 ✡ 73:26 Sòm 38:10 ✡ 73:27 Sòm 37:20 ✡ 73:28 Sòm 14:6