67
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
1 Ke Bondye ka fè nou gras,
✡ beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——
2 Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a,
ak ✡sali Ou pami tout nasyon yo.
3 Kite ✡ pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa,
paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e ✡gide nasyon yo sou tè a.
Tan
5 Kite ✡ pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
6 ✡ Latè te bay pwodwi li.
Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.
7 Bondye ap toujou beni nou.
✡ Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.
✡ 67:1 Nonb 6:25 ✡ 67:2 És 52:10 ✡ 67:3 Sòm 66:4 ✡ 67:4 Sòm 47:8 ✡ 67:5 Sòm 67:3 ✡ 67:6 Lev 26:4 ✡ 67:7 Sòm 22:27