63
Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.
1 O Bondye, Ou se Bondye mwen.
Mwen va chache Ou ak tout kè m.
Nanm mwen ✡ swaf pou Ou.
Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
2 Konsa, mwen ✡ te wè Ou nan sanktyè a,
ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.
3 Akoz ✡ lanmou dous Ou pi bon pase lavi,
lèv mwen va louwe Ou.
4 Pou sa, mwen va beni Ou ✡ tout tan ke m viv.
Mwen va leve men m nan non Ou.
5 Nanm mwen ✡ satisfè konsi avèk ma zo ak grès,
e bouch mwen ap ofri lwanj
avèk lèv ranpli de jwa.
6 Lè m sonje Ou sou kabann mwen,
mwen medite sou Ou nan ✡vèy de nwi an.
7 Paske Ou te konn sekou mwen.
Nan ✡ lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.
8 Nanm mwen ✡ kole ak Ou.
Men dwat Ou fè m kenbe.
9 Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,
va desann ✡jis nan fon latè.
10 Yo va ✡ livre a pouvwa nepe.
Yo va tounen manje pou rena mawon.
11 Men Wa a va rejwi nan Bondye.
Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa.
Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.
✡ 63:1 Sòm 42:2 ✡ 63:2 Sòm 27:4 ✡ 63:3 Sòm 69:16 ✡ 63:4 Sòm 104:33 ✡ 63:5 Sòm 36:8 ✡ 63:6 Sòm 16:7 ✡ 63:7 Sòm 17:8 ✡ 63:8 Nonb 32:12 ✡ 63:9 Sòm 55:15 ✡ 63:10 Jr 18:21