57
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth
Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la
1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,
paske nanm mwen kache nan Ou.
Wi, nan ✡lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,
jiskaske destriksyon an fin pase.
2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,
a Bondye ki ✡acheve tout sa m mande an.
3 Li va ✡voye sòti nan syèl la pou sove mwen.
Li fè repwòch a sila ki foule mwen an.
Tan
Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
4 Nanm mwen rete pami ✡lyon yo.
Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.
Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,
epi lang yo kon yon epe file.
5 ✡Leve anwo syèl yo, O Bondye;
Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
 
6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;
Nanm mwen koube ba.
Yo te ✡fouye yon fòs devan m.
Yo te tonbe nan mitan li.
Tan
7 ✡Kè m kanpe fèm, O Bondye,
kè m fèm.
Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
8 Leve, ✡glwa mwen! Leve ap avèk gita!
Mwen va fè maten vin leve.
9 ✡Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
10 Paske ✡lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,
epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
11 ✡Leve anwo syèl yo, O Bondye.
Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.
✡ 57:1 Rt 2:12 ✡ 57:2 Sòm 138:8 ✡ 57:3 Sòm 18:16 ✡ 57:4 Sòm 35:17 ✡ 57:5 Sòm 57:11 ✡ 57:6 Sòm 7:15 ✡ 57:7 Sòm 112:7 ✡ 57:8 Sòm 16:9 ✡ 57:9 Sòm 108:3 ✡ 57:10 Sòm 36:5 ✡ 57:11 Sòm 57:5