52
Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.”
1 Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan?
Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.
2 Lang ou envante destriksyon,
tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.
3 Ou ✡renmen mechanste plis pase sa ki bon.
Fo bagay plis pase pale verite a.
4 Ou renmen tout pawòl ki devore,
yon lang ✡mantè.
5 Men Bondye va kase fè ou desann nèt;
Li va kenbe ou byen vit e ✡chire fè ou
sòti nan tant ou an,
Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo.
Tan
6 Moun dwat yo va ✡wè, va gen lakrent;
yo va ri sou li epi di:
7 “Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a,
men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo.
Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”
8 Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye.
Mwen mete ✡konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a
pou tout tan e pou tout tan.
9 Mwen va ✡bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa.
Mwen va mete espwa nan non Ou,
paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.
✡ 52:3 Sòm 36:4 ✡ 52:4 Sòm 120:3 ✡ 52:5 És 22:18-19 ✡ 52:6 Sòm 37:34 ✡ 52:8 Sòm 13:5 ✡ 52:9 Sòm 30:12