48
Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.
1 Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a,
nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.
2 Bèl nan wotè li, jwa tout latè a,
se Mòn Sion nan pati nò a,
✡Vil gran Wa a.
3 Bondye te parèt nan sitadèl li yo.
La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon ✡refij.
4 Men gade, ✡wa yo te rasanble yo.
Yo pase akote vil la ansanm.
5 Yo te wè li, e yo te etone.
Yo te ✡sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.
6 La, yo pèdi ekilib yo nèt.
Doulè ak sezisman te pran yo tankou ✡fanm k ap akouche.
7 Avèk ✡van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.
8 Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè,
nan vil SENYÈ dèzame yo,
nan vil Bondye pa nou an.
Bondye va ✡etabli li nèt, jis pou tout tan.
9 Nou te reflechi sou ✡lanmou dous
Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.
10 Jan ✡non Ou ye a, O Bondye,
Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a;
Men dwat Ou plen ladwati.
11 Kite Mòn Sion fè kè kontan!
Kite ✡ fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.
12 Mache toupatou nan Sion e antoure li.
✡Konte fò wo li yo.
13 Konsidere ranpa li yo.
Antre nan palè li yo, pou ou kab
✡pale jenerasyon k ap vini an.
14 Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan.
✡Li va gide nou jiska lanmò.
✡ 48:2 Mat 5:35 ✡ 48:3 Sòm 46:7 ✡ 48:4 II Sam 10:6-19 ✡ 48:5 Egz 15:15 ✡ 48:6 És 13:8 ✡ 48:7 Jr 18:17 ✡ 48:8 Sòm 87:5 ✡ 48:9 Sòm 26:3 ✡ 48:10 Det 28:58 ✡ 48:11 Sòm 97:8 ✡ 48:12 Né 3:1-27 ✡ 48:13 Sòm 78:5-7 ✡ 48:14 Sòm 23:4