34
Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.
1 Mwen va ✡beni SENYÈ a nan tout tan.
Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
2 Nanm mwen va ✡fè glwa li nan SENYÈ a.
Enb yo va tande l, e yo va rejwi.
3 O leve SENYÈ a byen wo avè m.
Annou ✡leve non L wo ansanm.
4 Mwen te ✡chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,
epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo ✡p ap janm wont.
6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,
epi ✡te sove li sòti nan tout twoub li yo.
7 ✡Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,
epi li sove yo nan gwo twoub.
8 O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm ✡ki kache nan Li a beni!
9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki ✡sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
✡p ap manke okenn bon bagay.
 
11 Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan ✡lakrent SENYÈ a.
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab ✡wè sa ki bon?
13 Kenbe ✡lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
✡Chache lapè e fè efò pou twouve li.
15 ✡Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo,
pou ✡efase memwa yo sou tè a.
17 ✡Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki ✡kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se ✡afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Li konsève tout zo li yo.
✡Pa menm youn nan yo va kase.
21 Se ✡mechanste ki va touye mechan an.
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.
P ap gen nan sila ki ✡kache nan Li yo
k ap kondane.
✡ 34:1 Ef 5:20 ✡ 34:2 Jr 9:24 ✡ 34:3 Sòm 18:46 ✡ 34:4 Mat 7:7 ✡ 34:5 Sòm 25:3 ✡ 34:6 Sòm 34:4 ✡ 34:7 Sòm 91:11 ✡ 34:8 Sòm 2:12 ✡ 34:9 Sòm 31:23 ✡ 34:10 Sòm 84:11 ✡ 34:11 Sòm 111:10 ✡ 34:12 Ekl 3:13 ✡ 34:13 Pwov 13:3 ✡ 34:14 És 1:16 ✡ 34:15 Job 36:7 ✡ 34:16 Am 9:4 ✡ 34:17 Sòm 34:6 ✡ 34:18 És 57:15 ✡ 34:19 II Tim 3:11 ✡ 34:20 Jn 19:33-36 ✡ 34:21 Sòm 94:23 ✡ 34:22 Sòm 37:40