29
Yon sòm David
1 ✡Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,
bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.
2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.
Adore SENYÈ a ✡avèk tout sa ki sen.
 
3 Vwa SENYÈ a sou dlo yo.
Bondye glwa a ✡ fè tonnè gwonde, eklate.
SENYÈ a sou anpil dlo.
4 Vwa SENYÈ a gen ✡gwo fòs.
Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.
5 Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo.
Wi, SENYÈ a fann an mòso ✡ bwa sèd Liban yo.
6 Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e
✡Sirion tankou yon jèn bèf mawon.
7 Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.
8 Vwa SENYÈ a souke savann nan.
Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.
9 Vwa SENYÈ a fè ✡bich la fè pitit.
Li fè forè a vin toutouni.
Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!
 
10 SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.
Wi, SENYÈ a chita kon ✡Wa jis pou tout tan.
11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.
SENYÈ a va beni pèp li a avèk ✡lapè.
✡ 29:1 I Kwo 16:28-29 ✡ 29:2 II Kwo 20:21 ✡ 29:3 Job 37:4,5 ✡ 29:4 Sòm 68:33 ✡ 29:5 Sòm 104:16 ✡ 29:6 Det 3:9 ✡ 29:9 Job 39:1 ✡ 29:10 Sòm 10:16 ✡ 29:11 Sòm 72:3