26
Yon sòm David
1 Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen.
Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
2 Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv.
✡Sonde panse mwen avèk kè m.
3 Paske lanmou dous Ou a devan zye m.
Mwen ✡te mache nan verite Ou.
4 Mwen pa ✡chita avèk mesye k ap twonpe moun yo.
Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran pòz yo.
5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e
mwen pa chita avèk mechan yo.
6 Mwen va lave men m nan inosans, e
mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,
7 pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a,
e deklare tout mèvèy Ou yo.
8 O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou,
avèk kote ke ✡glwa Ou rete a.
9 Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo,
ni lavi m avèk ✡mesye ki vèse san yo,
10 nan men a sila ki gen manèv mechan yo,
ki nan mechanste pote ✡kado vèse anba tab yo.
 
11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen.
✡Delivre mwen e fè m gras.
12 Pye m kanpe sou yon plas byen plat.
Nan ✡asanble a, mwen va beni SENYÈ a.
✡ 26:2 Sòm 7:9 ✡ 26:3 II Wa 20:3 ✡ 26:4 Sòm 1:1 ✡ 26:8 Sòm 24:7 ✡ 26:9 Sòm 139:19 ✡ 26:10 Sòm 15:5 ✡ 26:11 Sòm 44:26 ✡ 26:12 Sòm 22:22