24
Yon sòm David
1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk ✡tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
2 Li te ✡fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
 
3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan ✡lye sen pa Li an?
4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa ✡leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak ✡ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
6 Sa se jenerasyon a sila k ap ✡chache Li yo,
k ap chache figi Ou—menm Jacob.
Tan
 
7 Leve wo lento ou yo, o pòtay yo!
Leve wo, o pòt ansyen yo!
Pou Wa ✡glwa a kapab antre!
8 Se kilès ki Wa a glwa a?
SENYÈ fò e pwisan an,
SENYÈ a ✡pwisan nan batay la.
9 Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo!
Leve wo, O pòt ansyen yo!
Pou Wa ✡glwa a kapab antre!
10 Se kilès ki Wa glwa a?
SENYÈ dèzame ✡ yo!
Se Li menm ki Wa glwa a.
Tan.
✡ 24:1 I Kor 10:26 ✡ 24:2 Sòm 104:3-5 ✡ 24:3 Sòm 65:4 ✡ 24:4 Éz 18:15 ✡ 24:5 Sòm 36:10 ✡ 24:6 Sòm 27:4-8 ✡ 24:7 Trav 7:2 ✡ 24:8 Sòm 76:3-6 ✡ 24:9 Sòm 26:8 ✡ 24:10 II Sam 5:10