22
Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;
Yon sòm David.
1 ✡Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou
te abandone m?
Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
2 O Bondye mwen, mwen ✡kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn.
E nan lannwit men m pa jwenn repo.
3 Sepandan, Ou sen;
Ou menm ki ✡sou twòn lwanj pèp Israël la.
4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.
Yo te mete konfyans yo nan Ou,
e Ou te ✡delivre yo.
5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre.
✡Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.
6 Men mwen se yon ✡vè,
mwen pa menm yon moun.
Parèt abominab devan lèzòm,
e meprize pa tout moun.
7 Tout moun ki wè m vin moke mwen.
Yo ✡separe avèk lèv yo e yo
souke tèt yo pou di:
8 Li mete konfyans nan SENYÈ a.
Kite Li menm delivre li.
Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
9 Sepandan, Ou menm se Sila ki te
fè m sòti nan vant manman m nan.
Ou te fè m gen konfyans depi m
t ap souse tete manman m.
10 Sou Ou, mwen te depann ✡depi nesans mwen.
Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
11 ✡Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre.
Paske nanpwen moun ki pou ede m.
12 Anpil towo vin antoure m.
Towo fò a ✡Basan yo te ansèkle m.
13 Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen,
tankou yon ✡lyon voras k ap rele fò.
14 Mwen vin vide tankou dlo.
Tout zo m fin dejwente.
15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari.
Lang mwen kole akote nan bouch mwen.
✡Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
16 Konsa, chen yo vin antoure mwen.
Yon bann malfektè vin ansèkle m.
Yo te ✡pèse dwat mwen avèk pye m.
17 Mwen kab kontwole tout zo m yo.
Yo ✡gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.
18 Yo ✡divize rad mwen pami yo.
Pou vètman m, yo tire osò.
19 Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen!
Ou menm, sekou mwen, ✡fè vit, vin rive ede m!
20 Delivre nanm mwen devan ✡nepe a,
lavi mwen devan pouvwa a chen an.
21 Fè m sekou soti nan bouch a ✡lyon an,
soti sou kòn a bèf mawon.
Wi, Ou menm te reponn mwen.
 
22 Mwen va ✡pale non Ou a frè m yo.
Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.
23 ✡Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.
Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!
Kanpe byen sezi devan L,
nou tout, desandan Israël yo.
24 Paske Li pa t meprize ni
rayi afliksyon a aflije yo.
Ni Li pa t kache figi Li a li menm,
men ✡lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.
 
25 Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti
nan gran asanble a;
Mwen va ✡akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.
26 Aflije yo va manje e ✡va satisfè.
Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.
Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
27 Tout ✡ekstremite tè a nèt va sonje.
Yo va vire bò kote SENYÈ a.
Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va
adore devan Ou.
28 Paske ✡wayòm nan se pou SENYÈ a,
e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.
29 Tout moun ✡ byen reyisi sou latè va manje e adore.
Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li,
Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.
30 Jenerasyon yo va sèvi Li.
Yo va pale de SENYÈ a
a ✡desandan yo k ap vini an.
31 Yo va vini.
Yo va deklare ladwati Li
a yon pèp ki ✡va vin fèt.
Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.
✡ 22:1 Mat 27:46 ✡ 22:2 Sòm 42:3 ✡ 22:3 Det 10:21 ✡ 22:4 Sòm 107:6 ✡ 22:5 És 49:23 ✡ 22:6 Job 25:6 ✡ 22:7 Mat 27:39 ✡ 22:10 És 46:3 ✡ 22:11 Sòm 71:12 ✡ 22:12 Det 32:14 ✡ 22:13 Sòm 10:9 ✡ 22:15 Jn 19:28 ✡ 22:16 Mat 27:35 ✡ 22:17 Luc 23:27-35 ✡ 22:18 Mat 27:35 ✡ 22:19 Sòm 70:5 ✡ 22:20 Sòm 37:14 ✡ 22:21 Sòm 22:13 ✡ 22:22 Sòm 40:10 ✡ 22:23 Sòm 135:19-20 ✡ 22:24 Sòm 31:22 ✡ 22:25 Sòm 61:8 ✡ 22:26 Sòm 107:9 ✡ 22:27 Sòm 2:8 ✡ 22:28 Za 14:9 ✡ 22:29 Hab 1:16 ✡ 22:30 Sòm 102:18 ✡ 22:31 Sòm 78:6