16
Yon Sòm David
1 Pwoteje m O Bondye, paske ✡mwen kache nan Ou.
2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.
Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.
3 Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye;
sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.
 
4 Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante;
Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,
ni non yo ✡p ap sòti sou lèv mwen.
5 SENYÈ a se ✡pòsyon eritaj mwen ak tas mwen;
Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.
 
6 ✡Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen.
Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.
7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.
Anverite, ✡panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.
8 ✡Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
9 Pou sa, ✡kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap ✡pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
11 Ou va fè m rekonèt ✡chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
✡ 16:1 Sòm 7:1 ✡ 16:4 Egz 23:13 ✡ 16:5 Sòm 73:26 ✡ 16:6 Sòm 78:55 ✡ 16:7 Sòm 77:6 ✡ 16:8 Sòm 16:8-11 ✡ 16:9 Sòm 4:7 ✡ 16:10 Trav 13:35 ✡ 16:11 Sòm 139:24