147
1 Louwe SENYÈ a!
Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.
Paske se agreyab epi lwanj Li se ✡dous.
2 SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.
Li ✡ranmase egzile Israël yo.
3 Li geri sila ak ✡kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
4 Li konte fòs kantite zetwal yo.
Li ✡bay non a yo tout.
5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.
✡Bon konprann Li an san limit nèt.
6 SENYÈ a bay ✡soutyen a aflije yo.
Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
7 ✡Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,
ki ✡founi lapli pou tè a,
ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
9 Li bay bèt la manje li,
ak ✡jenn kòbo k ap kriye yo.
10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la.
Li ✡pa pran plezi nan janm a moun.
11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,
✡sila ki tann lanmou dous Li yo.
12 Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!
Louwe Bondye ou a, O Sion!
13 Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;
Li te ✡ beni fis ou yo anndan w.
14 Li ✡fè lapè anndan lizyè ou yo.
Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
15 Li voye lòd Li sou latè.
✡Pawòl Li kouri byen vit.
16 Li bay lanèj kon lenn.
Li gaye ✡lawouze glase kon sann.
17 Li jete voye glas Li kon ti mòso.
Se kilès ki kab kanpe devan ✡fredi Li a?
18 Li voye pawòl Li pou fonn yo.
Li fè ✡van Li soufle e dlo yo koule.
19 Li ✡deklare pawòl Li yo a Jacob,
règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
20 Li ✡pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.
Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.
Louwe SENYÈ a!
 
✡ 147:1 Sòm 33:1 ✡ 147:2 Det 30:3 ✡ 147:3 Sòm 34:8 ✡ 147:4 És 40:26 ✡ 147:5 És 40:28 ✡ 147:6 Sòm 37:24 ✡ 147:7 Sòm 33:2 ✡ 147:8 Job 5:10 ✡ 147:9 Job 38:41 ✡ 147:10 I Sam 16:7 ✡ 147:11 Sòm 33:18 ✡ 147:13 Sòm 37:26 ✡ 147:14 Sòm 29:11 ✡ 147:15 Sòm 104:4 ✡ 147:16 Job 38:29 ✡ 147:17 Job 37:9 ✡ 147:18 Sòm 107:25 ✡ 147:19 Det 33:3-4 ✡ 147:20 Det 4:7-34