140
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 ✡Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo.
Delivre m de moun vyolan yo:
2 k ap ✡ fè manèv mechan nan kè yo.
Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.
3 Yo file lang yo tankou koulèv.
✡Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo.
Tan
4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.
Pwoteje m de moun vyolan ki te ✡fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
5 Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen.
Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la.
Yo fin plase yon ✡pyèj pou mwen.
Tan
6 Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.”
Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.
7 O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an,
Ou te ✡kouvri tèt mwen nan jou batay la.
8 Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an.
Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo.
Tan
9 Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo,
pou ✡malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.
10 Kite ✡chabon tou limen vin tonbe sou yo.
Kite yo jete nan dife,
nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.
11 Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè.
✡Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,
e fè ✡jistis pou malere a.
13 Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou.
Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.
✡ 140:1 Sòm 17:13 ✡ 140:2 Sòm 7:14 ✡ 140:3 Sòm 58:4 ✡ 140:4 Sòm 36:11 ✡ 140:5 Sòm 141:9 ✡ 140:7 Sòm 144:10 ✡ 140:9 Sòm 7:16 ✡ 140:10 Sòm 11:6 ✡ 140:11 Sòm 24:2-10 ✡ 140:12 Sòm 12:5