136
1 ✡Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
2 Bay remèsiman a ✡ Bondye anwo tout dye yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,
paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
4 A Sila ✡sèl ki fè gwo mèvèy yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
5 A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
6 a Sila ki te ✡ranje tè a anwo dlo yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
7 a Sila ki te ✡fè gran limyè yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
8 ✡solèy ki pou domine lajounen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
10 A Sila ki te ✡frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
11 ki te ✡mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
12 Avèk yon men fò ak yon bra ✡lonje nèt,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
13 a Sila ki te ✡divize Lanmè Wouj fè de bò a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
14 ki te fè Israël pase nan mitan li,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
15 men ✡Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
16 a Sila ki te ✡mennen pèp Li a nan dezè a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
17 a Sila ki te ✡frape gran wa yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
18 ki te ✡touye wa pwisan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
19 ✡Sihon, wa Amoreyen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
20 ak ✡Og, wa Basan an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
21 e te ✡bay peyi yo kon eritaj,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
22 menm yon eritaj a Israël, ✡sèvitè Li a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
23 ki te ✡sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
24 epi ki te ✡delivre nou nan men advèsè nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
25 ki ✡bay manje a tout chè,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
26 Bay remèsiman a ✡Bondye syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
✡ 136:1 I Kwo 16:34 ✡ 136:2 Det 10:17 ✡ 136:4 Det 6:22 ✡ 136:6 Jen 1:2-9 ✡ 136:7 Jen 1:14-18 ✡ 136:8 Jen 1:16 ✡ 136:10 Egz 12:29 ✡ 136:11 Egz 12:51 ✡ 136:12 Egz 6:1-6 ✡ 136:13 Egz 14:21 ✡ 136:15 Egz 14:27 ✡ 136:16 Egz 13:18 ✡ 136:17 Sòm 135:10-12 ✡ 136:18 Det 29:7 ✡ 136:19 Nonb 21:21-24 ✡ 136:20 Nonb 21:33-35 ✡ 136:21 Jos 12:1 ✡ 136:22 Sòm 105:6 ✡ 136:23 Sòm 9:12 ✡ 136:24 Jij 6:9 ✡ 136:25 Sòm 104:27 ✡ 136:26 Sòm 104:27