133
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 Gade byen, a la bon e agreyab
pou ✡frè yo viv ak tèt ansanm!
2 Se tankou ✡lwil presye ki koule sou tèt,
vin desann jis sou bab, menm bab Aaron,
vin desann rive sou kote vètman li.
3 Se tankou lawouze Mòn Hermon
ki vin desann sou mòn Sion nan;
paske la, SENYÈ a te kòmande
benediksyon an——✡lavi jis pou tout tan.
✡ 133:1 Jen 13:8 ✡ 133:2 Egz 29:7 ✡ 133:3 Sòm 21:4