131
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa ✡gen awogans.
Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè,
ni nan sa ki twò wo pou mwen.
2 Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen.
Menm jan ke yon ✡pitit poze sou manman l,
anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre.
3 O Israël, ✡mete espwa nan SENYÈ a
depi koulye a e jis rive pou tout tan.
✡ 131:1 Pwov 30:13 ✡ 131:2 Mat 18:3 ✡ 131:3 Sòm 130:7