128
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 ✡A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
2 Lè ou manje nan ✡fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
3 Madanm ou ap tankou yon ✡chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
5 ✡Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion;
ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!
6 Wi, pou ou ka wè ✡pitit a pitit ou yo!
Ke lapè rete sou Israël!
✡ 128:1 Sòm 112:1 ✡ 128:2 Sòm 109:11 ✡ 128:3 Éz 19:10 ✡ 128:5 Sòm 134:3 ✡ 128:6 Jen 48:11