126
Yon chan pou monte vè tanp lan
1 Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo,
nou te ✡tankou sila ki fè rèv yo.
2 Nan lè sa a, bouch nou te plen
ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.
Konsa, yo te di pami nasyon yo:
“SENYÈ a ✡te fè gwo bagay pou yo.”
3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.
Nou ✡kontan.
4 Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ,
kon ✡rivyè nan dezè a.
5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo
Va rekòlte avèk ✡gwo kri lajwa.
6 Sila ki soti ap kriye akoz chaj makout semans lan.
Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,
akoz chaj pakèt rekòlt l ap pote a.
✡ 126:1 Trav 12:9 ✡ 126:2 I Sam 12:24 ✡ 126:3 És 25:9 ✡ 126:4 És 35:6 ✡ 126:5 És 35:10