116
1 Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,
avèk siplikasyon mwen yo.
2 Akoz Li te ✡panche zòrèy Li bò kote m,
pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
3 Kòd lanmò yo te antoure m,
e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.
Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a.
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, ✡sove lavi mwen!
5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.
Wi, Bondye nou an plen ak ✡mizerikòd.
6 SENYÈ a toujou pwoteje ✡ moun senp yo.
Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
7 Reprann ✡repo ou, O nanm mwen, paske
Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.
8 Paske Ou te ✡delivre nanm mwen devan lanmò,
zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
9 Mwen va mache devan SENYÈ a nan
✡peyi moun vivan an.
10 Mwen ✡te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”
11 Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo:
✡“Tout moun se mantè”.
12 Kisa mwen kapab ✡bay a SENYÈ a
Pou tout bonte Li anvè mwen?
13 Mwen va leve wo ✡koup sali a,
e rele non SENYÈ a.
14 Mwen va ✡peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a.
Wi, nan prezans tout pèp Li a!
15 ✡Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
16 O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou.
Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an.
Ou fin ✡lache kòd mwen yo.
17 A Ou menm, mwen va ofri yon ✡sakrifis remèsiman,
e va rele sou non SENYÈ a.
18 Mwen va ✡peye ve mwen yo a SENYÈ a.
Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
19 Nan ✡lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm,
O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!
✡ 116:2 Sòm 17:6 ✡ 116:4 Sòm 17:13 ✡ 116:5 Egz 34:6 ✡ 116:6 Sòm 19:7 ✡ 116:7 Jr 6:16 ✡ 116:8 Sòm 49:15 ✡ 116:9 Sòm 27:13 ✡ 116:10 II Kor 4:13 ✡ 116:11 Sòm 62:9 ✡ 116:12 II Kwo 32:25 ✡ 116:13 Sòm 16:5 ✡ 116:14 Sòm 50:14 ✡ 116:15 Sòm 72:14 ✡ 116:16 Sòm 107:14 ✡ 116:17 Lev 7:12 ✡ 116:18 Sòm 116:14 ✡ 116:19 Sòm 92:13