101
Yon Sòm David
1 Mwen va ✡ chante de lanmou dous avèk jistis.
A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.
2 Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la.
Kilè Ou va vini kote mwen?
Mwen va mache anndan lakay mwen ak ✡entegrite nan kè m.
3 Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.
Mwen rayi zèv a sila ki ✡ chite yo.
Sa p ap tache men l sou mwen.
4 Yon ✡ kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.
Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,
li menm, mwen va detwi.
Nenpòt moun ak ✡rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
6 Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.
Sila ki mache nan chemen ✡ san fot la, se li menm
ki va sèvitè mwen.
7 Sila ki ✡pratike manti p ap rete lakay mwen.
Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
8 Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,
Pou m kab ✡koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.
✡ 101:1 Sòm 51:14 ✡ 101:2 I Wa 9:4 ✡ 101:3 Jos 23:6 ✡ 101:4 Pwov 11:20 ✡ 101:5 Sòm 10:4 ✡ 101:6 Sòm 119:1 ✡ 101:7 Sòm 43:1 ✡ 101:8 Sòm 118:10-12